Defi pou Steem, aprann konnen peyi nou *Okay*

in #ayiti6 years ago

Pami tout bèl vil ki gen an Ayiti mwen pral pale nou de vil okay ki se youn nan vi l m pi renmen pami tout vil mwen vizite yo an Ayiti.

Vil okay se yon komin an Ayiti, li se chef lye depatman sid la ak awondisman okay . vil la mezire 219,11 kilomèt kare. Selon dènye estatistik ki te fèt an 2009 : komin nan gen 725 799 abitan, gen 574 abitan pou chak kilomèt kare, vil la gen 71236 abitan pou kont li.

Vil okay se 3em vil peyi a, li fonde an 1503. Avan sa li te rele Salvatierra de la zabana ki siyifi " terres sauvées des eaux" ; vil okay se yon vil plat, san mòn, li konstiye you nan pi gwo resèv dlo peyi Ayiti. Nenpòt ti twou w fouye, li gen yon sous anba li kan menm.

Aprè endepans peyi Ayiti, okay te gen pi gwo pò peyi a, se pandan bentyèm syèk la pi gwo pò yo vin pòtopwens ak nan lòt vil peyi a. Anfas pò okay la gen yon zile yo rele " île à vache" se yon zile touristik. Ampli moun ki al fè touris nan sid pa janm manke al sou zile sa.

Okay se yon vil ki gen yon bèl plaj ki rele jele, plaj sila fè anpil moun antre okay chak mwa out pandan fèt Notre Dame ki se fètpatwónal vil la pou yo al manje bon jan lanbi, bonjan oma ak pwason yo peche nan lanmèd sid. Sou plaj sila chak lè fèt sa dyaspora debake an mas pou yo vin fete nan festival mizik ki toujou akonpaye fèt sila. W kapab danse tout gwo dyaz yo gratis nan peryòd sa.
Moun nan vil okay ak nan sid gen bonjan repitasyon nan zafè lamanjay ; anpil moun toujou renmen manje manje yo paske manje yo toujou gou, byen epise epi byen prepare. Nan zafè kwit lanbi, pwason, oma, sirik ak krab fanm nan vil okay chanpyon, se koupe dwèt.

Vil okay se yon vil ki toujou kalm, zak briganday pa fèt souvan nan vil sa. Moun yo renmen resevwa etranje lakay yo. Le w desann okay difon w di w pa moun okay ou ka manje grenn je moun okay tèlman yo ap byen resevwa w.

Nan zafè disko, restoran, otèl, vil la pa twò rich, gen yon 10èn men toujou gen aktivite lanwit depi kèk lane remak sa fèt. Vil la gen yon sant kiltirèl ki kapab pran 300 moun pou pi piti, li rele "Salle Soint Louis" 3 bibliyotèk, yon 2, 3 salon kiltirèl lè wikenn. Gen omwen 20 Radyo ak 10 televizyon okay, yo gen bonjan pwogram ki fèt ladan yo, moun okay solidè ant yo anpil epi yo dyòlè.

Okay gen yon airport yo rele aéroport Antoine simon, gen yon izin yo fè transfòmasyon vetivè depi plis pase 20 an. Okay se youn nan kote yo kiltive anpil mayi, diri, legim ak kann.

Nan zafè ledikasyon okay gen omwen 5 inivèsite, 2 lise ak 2 nan pami 10 pi gwo lekòl klasik nan peyi a ki se " collège Saint Jean ak Frères Odille Joseph".

Nan zafè espò vil okay bay Jean Jacques Matelier nesans ki te fè onè peyi nou nan konpetisyon konnkakaf an 1984. Li bay Silvio Cator nesans ki te pran medaille lajan nan je olenmpik 1928. Se pou sa nan pòtoprens yo tou bay estad nasyónal la pote non li.

Nan zafè politik ak literè okay bay André Rigaud, Nicolas Geffrard nesans, tou 2 te wograde nan revolisyon ayisyèn nan.
Emeric Bergeaud premye womansye ayisyen.
Charles Rivière Herard, Lusius Felicité Salomon Jeune, Antoine Simon, tout se ansyen prezidan peyi a ki fèt okay.

Okay se yon bèl ti vil poze, m ankouraje moun ki poko konnen l al vizite l.770px-Haiti_relief_location_map.jpg

Sort:  

Bel post epi ou bay anpil infomasyon ki itil ak nou tout

Enfo sa yo anpotan anpil pou nou konnen.

Okay li ye tonton. Bel kote. ou met dil se youn nan kote le ayiti ap develope kap devan. vil la byen trase etc... Nap kontinye aprann konenn peyin
Thx

depi m fè mwa m paka ale m gen pwoblèm wi

depi wap antre Okay ou pase Bergeau. Mwen renmen Okay anpil tou men si m tap abite nan Sud se posali oubyen kanperen m tap rete

Manman m se moun kanperen li ye. Nan kanperen se anwo kan m renmen. Li bel epi li byen konstwi. Le m al okay se posali m al koule bweson m. Bel ti vil tou.

Bon bagay! Map tann ou ekri sou lot vil uo vizite deja yo parenn

Coin Marketplace

STEEM 0.27
TRX 0.13
JST 0.032
BTC 65122.20
ETH 2988.31
USDT 1.00
SBD 3.68