You are viewing a single comment's thread from:

RE: Konekte, Kouran, lajan -- Pati #1

in #cryptomass6 years ago

Pou nou komanse Ak kanpay ( Konekte, Elektrisite, lajan)
n’ap bezwen komanse pa kominote kap viv a letranje a paske lè nap reflechi 1 milyon ayisyen kap viv ozetazini konekte ak rès ayisyen ki an ayiti a. donk si nou rive kreye yon pwogram edikasyon pou ede ayiseyn konpran se nan avantaj pa yo pou ede moun lakay konekte ak rès monn nan, soti nan fènwa ak gen lajan nan pòch yo sa ka sove anpil nan nou

Sort:  

konprann ke peyi a konpoze de frè, sè, kouzen ak tonton, matant ou kite lakay se situasyon yo amelyore donk se peyi moun pral pale byen. Peyi egal moun, bon moun= bon peyi

Ayiti se yon peyi kapitalis donk soti nan agrikiltè a pou rive nan moun kap travay nan ofis ou dwe yon ti bagay apa pou investi nan objektif pou ede kominote amelyore kondisyon yo epi fè profi, nou pa ka bati moun oubyen jèn nou yo pou yap mande sa gouvènman an pral fè pou yo, non se pou nou bati jèn ka reflechi sou sa yo ka fè pou kominote yap viv ladann nan

Poze tèt ou kesyon sa a, ki sa yon gouvènman ka fè pou ou? repons lan se pa anpil, pou reyisit ou gouvènman an ka pètèt itil ak yon tikras bagay sèlman ou pètèt anyen menm e sela menm nan gwo peyi kote ou gen enpresyon gouvènman yo miyò. pa gen gwo bagay yo kapab fè pou nou

Ki sa ki bezwen chanje an ayiti? poze tèt ou kesyon sa a epi di m eske repons ou se:
Kondisyon moun ap viv
la mizè
chomaj
kriminalite
koripsyon
gouvènman
lis la te ka kontinye net ale
men youn nan bagay ki sèten ou mèt ta rezoud tout bagay nou mansyone pi wo yo kòm pwoblèm nap toujou pa gen pwogrè. paske yon sèl bagay nou bezwen chanje se fason nou PANSE

99.99% Ayisyen pa janm panse oubyen pa ka utilize prosès panse li, ou pèdi kapasite pou five fè sa. e yon bagay ki etonan sèke majorite nan nou ka detriy nan mens ke yon segond nenpòt ki panse yon frè nou ta genyen e tandans sa repati sou tout peyi a, menm definke mwen lanse se pwomote yon kanpay de panse pozitif

Nan menm sans ke nou ap promote panse pozitif, mwen vle mansyon panse ki soti nan fwi imajinasyon nou. pa lojik paske lè ap eseye lojik nou pap konstri, epi nou fè ke tounen anaryè, Panse ak yon bagay ki egziste kounye men ki pandan yon tan pap egziste, kounye a mande tèt ou ki kote bsgay sa a soti? Repons ou jwenn nan se sa Imajinasyon.

poukisa panse li bon pou tout ayisyen pale. anglais, mwen pa vle pou ou komanse pa reflechi nan vid kòmsi ou pa li aktik ki pale sou Imajinasyon an, men yon pwovèb ki ap fè sans pou ou, repete li “Imajinasyon pa realite, men tout bagay ki reyèl soti nan imajinasyon”

lang anglais a se yon lang komèsyal, sa vle toupatou sou tè moun itilize li pou fè tranzaksyon nan biznis, sa vle di se yon lang ki chaje ak dokiman, mo, eksplikasyon, infòmasyon, lè ou fè efo pou konprann anglè sou ogmantè vokabilè w e pa konsekan agrandi chan de panse w ak imajinasyon w de 50% de plis

Anglè se yon lang komèsyal, ki vle di moun toupatou sou tè a itilize pou. fè tranzaksyon youn ak lòt, donk pa konsekan se yon lang ki kontinye ak konstri pi lajman e ki gen yon libreyi de panse, infòmasyon, refleksyon, ke nou pa ka plonje nan bagay sa yo akoz nou pa pale lang anglè, mwen estime ke si nou ta fè efò pou anseye tout peyi a pale lang anglè se deja yon ogmantasyon de 50% nan nivo nou panse ak Imajinasyon nou

Coin Marketplace

STEEM 0.28
TRX 0.12
JST 0.032
BTC 69516.43
ETH 3791.51
USDT 1.00
SBD 3.84