Nap boukannen dlo

in #cryptonewshaiti6 years ago (edited)

Anpil kote nou pase n tande moun ap di « map bat dlo pou m fè bè ». Sa se yon pwovèb kreyol ki tradwi mizè ak enkapasite anpil moun.
Nan bat dlo pou fè bè, anpil moun rive fè ledikasyon pitit yo, yo rive peye kay pou yo rete, yo rive kouvri frè lopital lè gen maladi, fè depans lè gen lanmo elatriye.
Jodi a m fè yon lot konsta : edikasyon timoun yo pa byen fèt, gen gwo pwoblèm sante ki toujou ap trakase moun nan kat kwen peyi a, anpil moun paka manje. Rezon ! se paske yo ap bat dlo pou fè bè.
Fas a enkapasite moun yo, se komsi yo ta mande yo pou rann tout sa ki enposib pousib, nou rele sa « boukannen dlo ». Nan boukannen dlo nou ka imajine sa kap pase ? alafen nou ka reyalize ke n pa gen dife anko paske dlo a ap etenn li. E dlo sa ap dipasrèt, donk nou ap lage san anyen nan men nou.
Sa mande anpil konsyans pou nou repanse bagay yo, sa mande yon lot mantalite pou sa ki pi gwo yo sipote sa ki pi piti yo, sa mande gwo jefo pou nou aprann pataje riches, konesans ak tout kalite savwa pou sosyete a bouje.
Nou dwe soti nan « bat dlo pou fè bè » nou dwe bani kesyon « boukennen an dlo a » Bagay sa yo enjis pou yon sosyete ki vle bouje.
photo_2018-02-23_17-40-25.jpg

Sort:  

Ou fè yon gros réflexion sou problem grav peyi à.
Se yon problem nou kondané et nou fèt avek Li.
Des fois ayisyen toujou ap mandé nan ki fanmi ou soti.
Savle di depi anlè ou gentan pa gen valè si ou pa gen gran non nan vil la.
Li tris pou wè mizè pèp la epi se minm mesaj la wap tandé lèu yo bezwen post.
Bat dlo pou fè bè se gros kozé.
Boukannen dlo sa a touneuf pou mwen

m fenk vini ak "boukannen dlo a" se jis pou m moutre koman yo mande moun yo pou fe tout sa ki enposib pou yo sa viv!

Coin Marketplace

STEEM 0.27
TRX 0.12
JST 0.032
BTC 66671.81
ETH 3087.26
USDT 1.00
SBD 3.68