Relasyon fi ak gason!

in #etap6 years ago

Kisaw dwe konen sou sa?
Menm jan ak tout bagay nan lavi a, relasyon gen etap,nou ka konsiderer yo de 0 à x. Granmoun yo konn di lhr yon timoun sote klass li rabi , se menm jan ak relasyon siw sote etap yo tou ou pap janm ka komprann relasyon w. Lanmou komanse pa atirans fisik e apresyasyon. Gason an se premye moun ki toujou fè premye pa nan kesyon renmen, li komanse we bote fisik fi a, li aprochel de li, fi a li menm komanse pa suiv eske gason sa kap pale avel la interesel, de jou an jou lap aprann konn moun sa , tikras pa tikras ti abitid yo ap devlope jiskake fi a dakò, sil pa deklare li dako direktaman, li itilize yon moyen poul di oui. Epi 2 moun sa yo vinn renmen. Se kounya atò aksyon ak reaksyon youn lot pral di eske sa yap patage a se lanmou epi eske sa ap rive lwen.
Yon relasyon fonde sou princip depi nan komansman, mw pa di objektif paske fok ou konen moun sa byen, pouw wè siw ap ka bati yon avni avel kap baze sou objetik ak plan. Nou te palew de etap depi nan komansman. Premye etap la se chèche zanmi moun lan, lèw avel pran plisye sijè avel pouw wè kijanl wè lavi, kroyans li, sa ki motivel antanke moun. Dezyèm etap la se chèche konn frekantasyonl, kiyès ki zanmil. Twazyèm etap la se gade ki sa li fè nan 24 è de tan li genyen an,eske se yon moun kap pwogrese, eske se yon moun ki penser ak avni oubyen eske se yon moun san plan san objektif. Katryèm etap la se gade koman li konsiderew antanke menaj li, ki respè li manifeste anvèw, kijan ou wè li trete moun parey, próch li. Sinkyèm etap lan, eske li metew nan planl, eske li vle bati yon avni , yon foyer avew, mande tet ou ki plas ou nan relasyon e ki kote lap rive, ki but li. Sizyèm etap la ou ka komanse integrew nan fanmil e li nan fanmiw pendan k nap kreye yon relasyon parantal, epi komanse planifye vi nou. Fok nou diw etap yo anpil nou pap ka site tout men nou baw kek bgy de baz, paske menm lew finn marye fok ou ase smat pou gerer maryaj ou
Anpil moun lhr yo nan relasyon ak yon moun pi gwo motif yo se sèks, sèks matin, midi, swa, san yo pa marye, sak vinn pase, fi a vinn pi posesif paske li santi moun sa se pou li net li fè jalouzi pou anyen pafwa, sa ki konn koz pawol anpil tout lajounen, poutan li diferan pou gason an, menm jan ak yon manje ki rebutan, gason vinn rive yon lè fi sa vinn fad nan bouch, li vinn bezwen lot manje, sa se youn nan bagay ki kraze relasyon anpil. Sitou lè sex se premye etap nou boule nan rekasyon an epi nou sote tout baz yo.FB_IMG_1526758107384.jpg

Sort:  

Lanmou ce bel bagay

Coin Marketplace

STEEM 0.28
TRX 0.13
JST 0.032
BTC 60947.53
ETH 2913.40
USDT 1.00
SBD 3.56