Pouvwa lide Genyen

in #ide5 years ago

Anpil moun pa rekonet pouvwa ide genyen e sa pawèt klé nan fason yap viv yo kwè plis nan kapasite fisik yo ke mantal, men lè yo ale lekol sa pa ede yo develope kapasite pou reflechi ak egzèse pouvwa lide genyen avek efikasite. san lide pa gen anyen ki tap egzite. Eske w te konnen lajan peyi w la se jis yon lide. men mwen konnen sa anpil moun gen dwa ap panse si se konsa koman mwen fè pa leve atè, paske chak jou map panse? si kesyon sa pase nan tèt ou, sèke nou bezwen fè gwo diferans ki genyen ant kapasite nou genyen ki rele konsyans ak memwa nou ak kapasite pou imajine e se pa fè rèv. ann al fè yon ti pale sou konsyan ak memwa yon kapasite ke tout moun konte sou li pou yo viv vi a chak jou. toutabò anvan nou reponn kesyon sa a li ap bon nou mande tèt nou eske se yon kapasite ki pa gen fay? e se ki sa ki kapab pase si li sispann fonksyone byen? pou ede w konprann pwen an nap vwayaje imajinasyon w nan seri sitiyasyon trè senp e kite lespwi sou yo pou yon ti tan pou ou kapab konsome infòmasyon an. eske w konn wè yon moun ki fou? oubyen yon moun ki soufri Alzheimer oubyen ki egare nan sans li genyen yon pwoblem kromozom ki fè pale ou aji yon fason gwosomodo? ou ka refere ak youn nan twa senario sa yo. kounye a si w gen yon nan moun sa yo nou mansyone piwo sa yo bò lakay ou panse avek li, epi mande tèt ou si ki sa ki dwe pa mache byen lakay swa sou plan fisik oubyen sou plan mantal? eske w te rive jwenn yon repons? eske repons ou a se: "Tèt li pa bon. li pa gen konsyan de anyen, li gaye, li pa ka raple de anyen, etc... men si repons ou ta jwenn nan pa nan lis sa a men l'ap sanble kanbyenmèm, pa vre? 99.99% pousan moun ap viv sou youtinn. sa vle di aksyon kap rive yo, rive de manyè otomatik e sa san yo pa rann yo kont. objektif liv sa se ede w wè pa mwayen egzèsis fasil pou w suiv idantifye aksyon youtinn yo ak kapasite imajinasyon w pou develope bon lide kap ede w chanje lavi kelkeswa kote w ye la kounye a.

Sort:  

Congratulations @mildola! You received a personal award!

Happy Birthday! - You are on the Steem blockchain for 1 year!

You can view your badges on your Steem Board and compare to others on the Steem Ranking

Vote for @Steemitboard as a witness to get one more award and increased upvotes!

Coin Marketplace

STEEM 0.30
TRX 0.12
JST 0.034
BTC 64136.70
ETH 3128.20
USDT 1.00
SBD 3.94