Eske MLM se yon bon mwayen pou moun fè kòb jodi a

in #marketing6 years ago (edited)

mlm2.jpg

MLM en anglè ki se Multi Level Marketing yo konn rele l marketing reseaux ou marketing relationel Systèm sa te pran nesans nan peyi etazini nan ane 1940 yo e li t ap al fè yon gwo monte nan ane 1950 pa sosyete AMWAY nan peyi etazini. Systèm sa te yon kado ki soti nan syèl pou anpil moun nan epòk sa, paske se te yon nouvo systèm ki te pèmèt yon kliyan fè yon ti kòb lè li fè yon lòt moun konsome pwodui antrepriz la. Men prensipal moun ki te benefisye systèm sa se te chèf antrepriz yo, paske anpil nan yo te vin gen yon kwasans enòm sou kantite kòb yo te antre apre yo te adobte systèm MLM lan.

MLM imaj1.jpg

Yon moun te kapab fè yon ti kòb lè l achte yon pwodui e lè l vann lòt moun pwodui sa yo, e si li te rive fè yon moun antre nan systèm nan, sou chak pwodui moun sa vann li t ap gen yon pousantaj sou kantite kòb moun nan te antre, e li t ap gen yon kantite kòb tou sou lòt moun moun li enskri yo enskri yo menm sou rezo pa yo a, konsa ou t ap fè yon bagay yo rele pv (point value).

Konsa si yon moun fè anviwon 150PV li kapab touche anviwon 50$ us pou mwa, e si rezo w la gen 3 moun ki fè menm kantite point avè w 150PV sa ki vin bay 600PV, konsa ou menm ki nan tèt rezo a, kapab fè 200$ us, men èske l fasil pou w ou menm ak rezo w la vann pou kantite point sa ? Pou n reponn kesyon an , ann pran yon egzanp : youn nan pi gwo antrepriz MLM ki genyen yo, gen yon pwodui si yon IBO ap achte l ap peye l 4,42$ us sou pwodui sa l ap fè 1,24 PV
Si nou pran 150pv X 4,42$ us l ap egal 663pv/$ si nou divize kantite sa pa 1,24 pv ( 663/1,24) l ape gal ak 534,68$ us, sa vle di pou yon moun fè 50$us l ap gen pou l depanse 534,68$ us e men plis paske gen kote y ap fè w achte pwodui yo pi chè pase sa, epi pou w fè kòb sa nan pwodui nou prezante a, ou dwe vann omwen 121 nan pwodui sa.

Eske fasil pou vann pwodui yo ?

Pètèt sa depann de konbyen ane ou genyen ladan l, e ki kote oswa nan ki peyi w ap viv paske pwodui antrepriz sa yo vann anpil kòb se pa tout moun ki gen aksè avè yo.

Eske ou ka fè benefis nan systèm MLM lan ?

Sa mande anpil ane travay ak anpil detèminasyon, e ou dwe depanse anpil kòb nan rankont ak seminè, paske 90% moun ki antre nan yon systèm MLM bay vag apre kèk mwa, paske yo pa janm fè okenn lajan.

Eske moun ki antre systèm MLM jwenn tout bagay yo te pwomèt yo ?

Lè yon moun ap prezante w yon antrepriz MLM, oswa lè w ale nan rankont yo konn oganize yo, yo montre w anpil bèl imaj ; tankou bèl kay, bèl machin, bèl bato, moun k ap jwi bèl vakans e yo pwomèt ou yon libète finansyè. Men pifò moun pa jwenn bagay sa yo vre malgre yo fè anpil efò, se sak fè yo vin gen yon move gou pou antrepriz MLM yo. E piske moun sa yo dètèmine pou yo reyisi lavi yo, y al antreprann lòt aktivite, tankou fè biznis ak antre systèm cryptomonnaie a, la yo jwenn anpil benefis paske y opa bezwen vann pwodui pou yo fè lajan e gen anpil moun ki arive milynè ladan l jodi a.

Eske MLM pa yon bon mwayen pou moun fè lajan jodi a ?

Repons sa se ou k ap bay li.

#Cryptonewhaiti

http://www.wellandyou.eu/aubaine/explication-mlm/
https://www.hobby-preneur.com/10-mensonges-sur-le-mlm-quon-ma-fait-croire/
www.amway.com/teyo www.amway.com

Sort:  

La via se yon MLM li ye.
Nèg ki devan vlé toujou devan epi li pa gade dèyè.
Mwen renmen MLM men kounyeya MLM bay pwoblèm epi
kôm @prblove dil sèl leader fait kôb nan bagay sa a.

MLM se yon bon mwayen pou fè kob, men fok ou son leader e fok ou travay tou.

Lèw se yon Bon leader, ou dwe konsidere enterè tout moun ki Anbaw Yo. Men'm Jan avèk enterè paw, yon Bon leader fok li trè koperan. System MLM, Jan mw Toujou dil LA li trè Bon. Lèw Gade lojik MLM lan li konvèje espri moun yo nan yon bi komen. Nou poko evolye pou MLM, li mande yon nivo de konsyans siperyè. Ni pou moun kap kap kreyel LA. Ni pou manb kap antre Yo. Siw pa trè evolye mantalman se pwoblèm wap pòte ladann, gen MLM wap Gade Siw antre ladann yo Se kòmansi Ou wè yo pran tout tanw ou gen pwen ou bezyen tjr ap jere pou pa pèdi. Sa pou nou wè tou nan MLM lan li kon'n gate repitasyon yon moun. Si tèt lan pa Bon wap parèt Lèd. Wap envite moun Epi saw di moun yo ke yo pral jwen'n lan tout Se pawòl, paske moun ki kreyel la pa fél pou sa. Se yon kòb li bezwen fè rapid. Men konsa tou ou Gendwa jwen'n Bon MLM men Manb Yo PA pranli oserye. Lè sa Se pa Bon li pa Bon. MLM ta sipoze mete inyon antre nou, men se envès la ki fè. Se divizyon li mete Nèg ki ap eseye chame moun avèk bèl pwomès, yo konnen li pa Bon men yo ofriw li. Paske se tèt yo ke yo wè, tout moun ap eseye mete plis moun San ke yo pa antre nan rasin lan pou yo fè moun yo konpran'n bagay yo.

Gen MLM ki bon, men pafwa si w tonbe nan yo rezo ki parese konsa sa vin gen gwo efe sou ou, e sa ka fe w dekouraje e perdu kob ou te envesti a. Jan @rooby-chery di a anpil moun ki nan MLM yo se tet yo, yo we se sak fe MLM lage anpil divizyon nan mitan bon zanmi paske le w envite yn zanmi w antre ladan l epi li pase yon paket mwa li pa janm antre okenn lajan, l ap ba ou responsab sa ki pase a. M panse MLM ka ede yon moun antre kek ti penich men li paka chanje lavi w jan moun ki ladan l yo ap pwone l la, mwen menm tou m te pase anpil tan ap prone l tou san pou otan m pat janm antre yon centime, e pou jis kounya m pa janm antre yon centime menmsi m te fe anpil efo.

Coin Marketplace

STEEM 0.27
TRX 0.12
JST 0.032
BTC 61769.55
ETH 2910.04
USDT 1.00
SBD 3.64