Jovenel Fevrier 2019steemCreated with Sketch.

in #poilitique5 years ago (edited)

Listwa kap repete: Jojo ap pase pi mal ke Tonton nan menm kondisyon yo men pa bliye se batay politik kont Salomon kont Tonton ki bay okipassyon 1915 lan:

  1. Tonton te vle fe prose kondolidasyon, klas politik la ki viv de lajan leta pat dako. Jodia Klas politik la vle prose petrokaribe prezidan pa Jovenel pa dako, nan tou 2 ka yo pep l dako

  2. lavi chè: nan batay kontrol pouvwa ak ekonomi sitou antre boujwa mulat ayisyen ak arab syrien, libanais tout pri te monte, lajan te konn sibi depresyasyon ki varye antre 500 a 740% nan yon sel jounen! Jodia se menm akte yo menm goud kap degrengole devam dola nan batay pou gato ekonomi an

  3. boujwa mulat ayisyen yo te komanse itilize citoyen pou fe kont pete batay ak levantin, syrien libanais yo,yo te konn peye solda 1 a 3 goud pou al achte nan biznis moun epi pete batay pou pri ki wo mete pep nan lari paske yo pat vle pedi monopol devan arab ki tap domine nan kapasite yo genyen pou vann byen anngwo e an detay, batay te pete dife boule magazen, Tonton Nord te menm oblije komanse depote arab ale sen domeng ak etazini, te gen plis ke 1500 epi yon lis long tap prepare, nou te konn depote moun tou! Jodia se yon kesyon de tel gwoup boujwa vle kontrole tel sekte tel lot gwoup pa vle, yo bay pati politik,lapres, organizasyon dwa moun lajan pou mobilize pep epi pete batay, boule femen magazin moun yo sible, pandan anpil nasyon ap depote nou!!!

  4. anpil moun te gen gwo problem ak Tonton yo te konsidere tankou neg andeyo, neg sot gwo soulye ki pa gen dwa chef, jodia Jovenel sibi menm tretman an. Ansyen moun ki tap rache koupe nan pouvwa mete ak sa ki te reve al jwi privelej pouvwa te mete ansanm pou ranvese tonton nord tankou ansyen minis Antenor Firmin ki pral deklare revolution ou ge sivil ki tap repwoche Tonton Nord yon paket bagay ke li menm li te konn fe lel te nan pouvwa, ameriken yo te gen yon prezidan rasis ki pat sou foure bouch twop nan zafe Ayiti fe yon minis Ameriken tap jere. Jodia se yon paket ansyen piyajè leta ki mete ak sa ki pouko tete bef la ki vle jete Jovenel pandan yap repwochel menm sa yo te konn fe. Ameriken gen yon prezidan yo di ki rasis ki pa two focus sou Ayiti e se yon minis Kenett Mertens kap jere dosye a, pandan gwo batay ki sanble ak ge sivil ap prepare.

  5. Tonton nord pral achte nouvo zam, bato degè pou konbat advesel, firmin pral depanse anpil kob pou achte zam voye gonaives bay lme rebel, Ameriken pral sezi zam yo epi lme Firmin pat janm ka ame tet li, jodia yo di Jovenel gen zam ki tire 850 bal chak minit gen sniper, epi gen dosye zam sen mak ameriken ap bay problem

  6. paske Saint marc ak Gonaives te soulve kont Tonton Nord pou firmin, solda tonton nord pral fizye yon kantite moun sen marc malgre pe katolik la te mete agenou mande gras pou akize, malgre yon kapiten ameriken te kouri desann bato degè pou vinn mande gras solda te gentan fizye viktim yo, sa te fe anpil pale, sa te tris. Jodia yo di pouvwa debake lasalin li fizye masakre anpil moun, . Nan dosye senmarc la solda tonton nord yo te retire moun yo nan consula ameriken pou fizye yo, jodia m tande yo fizye anpil moun nan konsila Perou.

  7. opozisyon an te konn fe montaj tankou chak jou mache fe moun kouri lavil, yon jou jenral Carrie ki pat jwe desann lavil li kenbe yon moun kap kouri li fizyel depi jou sa pesonn pa janm kouri! Leswa te konn gen yon paket cheval tet moun kap krache dife kap repete demisyon demisyon, jodia chak jou gen kouri radyo pa sispann mande demisyon
    😎 Tonton Nord pat janm pran presyon devan pouvwa li, Jodia Jovenel tounè krazel li pap fe wonn pot!
    M pap di plis, selman sonje di nou, nou pap goumen pou chanjman se makak nap kontinye fe!!!

Coin Marketplace

STEEM 0.27
TRX 0.13
JST 0.032
BTC 62726.22
ETH 2961.65
USDT 1.00
SBD 3.60