Ann pwoteje rev nou menm jan yon poul pwoteje pitit li

in #poule6 years ago

poule2.jpg
malfini (1).jpgPoule_et_ses_poussins.jpg

Poul yo se yon egzanp nou ka swiv nan fason yo proteje pitit yo, dapre kek etid yo fe yo montre poul konnen lè pitit yo estrese menmsi se ta yon estrès tou piti. Epi poul toujou pare pou defann pitit yo kont predate, menmsi predatè a ta pi pisan pase l, nou ka remake sa, lè yon poul anvi batay ak yon moun k ap pwoche kote ti pitit li yo ye. E manman poul la prè pou l mouri olye pou l ta kite yo ale ak pitit li. Poul yo toujou pwoteje pitit yo konn fredi ak move van cho, lè yon manman poul wè yon danje li rasanble ti pitit li yo epi li antre yo anba zèl li.

Youn nan gwo ènmi poul yo genyen se malfini ki toujou vle ale ak pitit yo, se vre anpil fwa malfini an reyisi ale ak ti pitit poul la, men anvan li reyisi fè sa si manman poul la la, li lite anpil avè l.

malfini.jpg

Rèv nou yo se tankou yon ti poul(pousen) e nou menm se manman poul la,pafwa l ap bon pou nou wè èske rèv nou pa nan yon moman estrès kote yo prèt pou efondre, yon fason pou nou reveye n epi rezoud pwoblèm rèv nou ap fè fas la.

Nan mond lan chaje moun ki tankou malfini k ap vle ale ak rèv nou genyen yo, sa ka rive lè yo fè nou kwè nou pap ka reyisi nan sa nou vle reyalize a. Men èske nou kite moun sa yo ale ak rèv sa nou genyen an, oswa èske nou pare pou n batay ak moun sa yo, pou n sove rèv nou?

Pa okipe okenn moun k ap di w bagay sa twop pou w fe, menmsi poko gen okenn moun ki fe sa w vle fe a, travay pou w reyalize l. Reflechi ak sa: èske machin te toujou egziste, èske avyon te toujou egziste? Premye moun ki te sou tè a te konn monte bekàn?
Eske anpoul elektrik te toujou egziste? Si ki te envante bagay sa yo te ka fè l, ou menm tou ou ka fè bagay pa gen moun ki ko fè yo tou.
kwè nan rèv ou e koutinye batay pou w reyalize l. Bib la di moun ki andire jiska lafen an se li k ap sove, e sa se yon reyalite pou moun ki vle reyisi nan lavi a; moun ki koutinye lite a se li k ap genyen batay pou bonè a.

@neliohaiti

Sort:  

Se yon bel ezamp wi la.
Sa montré batay la pa piti.
fôk nou rete soudé.
Kembe la.

Merci @pouchon n ap toujou kenbe la, paske si nou pa batay pou tet nou lot moun pap fe sa pou nou, se nou ki pou defann tet nou pou n reyalize rev nou.

Congratulations @neliohaiti! You have completed some achievement on Steemit and have been rewarded with new badge(s) :

Award for the number of upvotes received

Click on any badge to view your own Board of Honor on SteemitBoard.
For more information about SteemitBoard, click here

If you no longer want to receive notifications, reply to this comment with the word STOP

Upvote this notification to help all Steemit users. Learn why here!

Coin Marketplace

STEEM 0.27
TRX 0.12
JST 0.031
BTC 61673.68
ETH 2904.63
USDT 1.00
SBD 3.63