CHALLENGE POU CRYPTONEWS HAITI

in #sakpase5 years ago (edited)

534ekorckx.png

Sakpase!
Nap boule!
Depi ou tande moun ap pale konsa, se yon Ayisyen ou byen li kon pale Kreyol Ayisyen.
Eske nou solid?
Eske nou djanm?
Majorite nou ta renmen fê anpil kob pou nou okipe tet nou ak fanmi nou.
Nan ka sa a ki fason nou ka fê li ?
Si yon moun nan steem ou byen crypto ou gen yon idee de finans ak trading.
O mwens ou tande pale de yo e ou decide fê yon pas an avan pou ou ka trouve kon crypto.
2vd7eqjchn.png
Bitcoin se premye crypto ki komanse epi ki reyisi tres byen.
Bitcoin montre nou ka fê transaction san yon twazyem moun pa concerné.
Yo rele sa a peer to peer network.
Apres sa anpil lot token vinn pran pye epi vinn genyien anpil token nan espas la.
Sel fason pou ou jwenn bitcoin fok ou se yon miner
Lot fason an wap debouse epi achter.
AK $8K+ US li pa fasil du tout pou achter yon bitcoin.
Mwen pensé nou kompran tout probabilite ki genyen nan system lan
paske gen yon epok ou te ka miner bitcoin min kounyeya li preske imposib akoz pri a.

Pami tout token ki egziste steem parêt pi fasil pou ou genyien li san ou pa achté.
Gen lot token ou ka jwenn konsa, jodia nap focus sou model steem lan pou anpil rezon ki fê sans.

KISA STEEM YE?

Si yon moun te pozem kesyon sa a en 2017 mwen te ka di se yon token sou steemit.
Kounyeya avek tout changman ki ap fet, steem ap delivre yon lot ideology pou tout moun ki vle maché ave'l
Steem se yon token ki permet moun fê social media, fê jwêt, ekri aplikasyon,e anpil lot bagay tankou fê kôb.
Si ou komprann kisa ethereum ak EOS ye, ou ka kompran ekri aplikasyon an (DAPPS)
Fason ki pi fasil pou ou komanse ak steem se leu ou gen yon kont epi ou komanse servi sou dapps tankou

  • esteem
  • actifit
  • partiko
  • busy.org
  • steempeak
  • APPICS
  • steemmonsters
  • dlike
  • steemhunt
  • steemit... Se premye dapps sou steem epi tout moun pensé li se steem. steemit pa steem. PA BLYE!

Gen dapps ki fê lot travay sou steem tankou steemd.com ou byen steemify pou jwen moun ki poster ou byen ekri sou steem.
Steem kapab tout sa ou desire.
Avek steem-engine moun ki pale kreyol ka fê token pa yo epi yo transaction antre yo minm,,, Sa gen pou li wê ak pwogram SMT ou byen fason pou ou fê token andedan steem.
AVNI steem pa piti.
Si yon moun te antre nan steem en mars 2016 epi ou te konpran vision an ou tap byen chita.


Mwen pale de yon challenge nan têm lan.
Kisa sa vle di?
Anvan yon moun ka fê kob sou net la, fok ou fê yon travay
Ou byen ou depense kob ou genyien ou byen ou aller miner si se yon crypto monnaie ou vle jwen.
Tout moun ta renmen fê ANPIL KOB.
Pa gen mal nan sa, paske li baw tan pou passe ak fanmi w epi ede lot.
Steem permêt ou antre nan system lan preske san kob.
En 2019 si ou bezwen fê kob nan steem, dabô chache komprann sa steem ye et kisa ou bezwen fê pou ou fê kob.

Ou bezwen chwazi yon dapp tankou partiko ki bay point.
Point partiko yo ka tounen vote pou steem. Partiko ap gaye point sa vinn fe yo popilê anpil sou steem.
Mwen ap ekri post sa a sou dapp #esteem.
#esteem la lontan epi li se premye dapp pou mobile telefon.
#esteem ap swiv examp bay point an paske toutan ou gen plis moun sou platform ou sa montre wap bay bon service.
#actifit la fasil anpil.
Mwen encourage tout moun gen aplikasyon actifit la paske depi ou fê 5000 pas minimum chak jou, posté anvan minuit #actifit baw point ke ou ka itilize pou ou voté tou.
Fôk ou aller sou sit yo ki se actifit.io pou ka mande vote ak 20 point afit.
Si ou vle aller pi vit epi ou komprann system steem lan e byen achté steem power pou ka jwen plis steem chak jou ak tout sam sot di yo la.


Challenge lan se chak jou pou nou ekri e aprann koman steem konsyone.
Youn nan bagay ki KAPITAL se fê Komantê ak votê.
Ou gendwa paka ekri yon post pendan jou wa men ou fê yon bel komantê se tankou yon post li ye paske moun nan tou pwofite al sou kont paw la epi li vote post paw ak komantê ou fê.
PA NEGLIGE Fê bon komante.
Pa fê komante tankou ok merci Yo rele komante sa yo spam.
Yon bon komante se leu ou fê yon fraz epi ou exprime w byen.
Pa blye tout sa ki ekri sou steem minm moun ki pa nan steem ka li yo.
EVITE EKRI BAGAY SAN SANS.
EVITE EKRI BAGAY NOU KA REGRET PITA.

l3j20h19ok.png
Li klê nou tout vle pran nan bassin steem lan ki evalye kounyeya a 800,000+ chak jou.
Pa focus trop sou pri steem en dola.
Focus sou konbyen steem nou ka jwenn chak jou.
Fason ki pi fasil pou ou jwen plis steem chak jou se travay ensanm.
Lê nou mete fôs ensanm nou ka fê gros bagay.
Gen yon group ki ap bay bon egzamp sou point sa a, se @cryptonewshaiti.
Li gen anpil steemians ki devoué e ki vle pou nou avanse.
Lis la gen pou li vinni lon paske nou vle e se objektif nou pou chak steemian ka rive fê $30 US pa mwa epi pa semen epi pa jou. Li posib.
Li telman posib map site non yo paske yo gen gros rêve pou rive la.

Mwen pensé gen anpil lôt steemians ki nan system lan.
Mwen voyé mesaj la pou nou paske nou gen yon istwa ki pa nan jwêt paske nou se premye pep afriken sou nouvo mond lan ki jwenn libête. ( Mwen pa nan politik)
Map fê istwa.
Nou renmen football anpil, mka di nou renmen sport. Ayisyen renmen Bresil (ekip Bresil).
Nou gen anpil bagay pou ka pale, nou ka pale.
Ayisyen renmen fê literati anpil (Je parle de la literature haitienne et francaise) @mayou, ha ha ha.
Ayisyen renmen peyi yo anpil.
Pou challenge lan mache fôk nou ekri.
Tout non mwen citer yo se steemians ki vle mete ensanm pou nou avanser.
VLE PA VLE DEMAIN AP LENDI.
ANNOU FRAPE ANSANM.
@zeugen

Sort:  

Ou fé on Gwo bout tonton travay @zeugen se moun sa yo nou bezwen sou platform nan. Moun kap ekkere wout ou sou chimen reyisit ou nan mond crypto a. Mesi paskew itilize lang manman nou, lang libéte nou. Nan wout Dapp ou sot pale yo la ou pa mansyone buzz break sim sonje non an byen. Li kenbew avize nan news kap pase nan mond lan. E depiw sou Li ou gen posibilite pou w fe 5pwen chak 30 segond sou li.
Kenbe konsa. Nap rive ansanm.

Mwen appresye kom où se premye moun ki banm support. Mèsi anpil paske fòk nou rivé ansanm. Map cheke dapp la Kemble la

Good keep on posting

oh m nan tet lis wi Solid Solid. Next bagay la se menen atis ak influencer ki zanmi nou yo sou steemit

Posted using Partiko Android

😀😀😀... @zeugen di Ayisyen renmen fè Literati Anpiiiiiiilllll epi li site @mayou! ... 😁😁😁... Mwen renmen sa ! ... Men antouka se bon bagay. Pandan ke n'ap bati kominote a, n'ap asire'n ke nou pataje sa'k gen kontni ladan yo. Pa janm bliye sa nou menm non nou nan lis sila : pataje sa ki gen kontni e k'ap itil kominote nou ye a. ...

Mwen pa't janm kwè yon jou mwen te ka pale kreyòl oubyen pale Ayisyen sou Steemit, men kounya li posib e n'ap pouse lang lan monte. An'n valorize tèt nou, an'n valorize peyan nou.

Gen anpil non ou site la tou @zeugen, mwen pa konnen yo non e m'ap mande eske yo nan kominote a ! Antouka si'w se Ayisyen, ou poukont ou sou Steemit, jwenn nou la a sou Telegram. Ou mèt klike sou lyen an epi vin jwenn nou, ansanm n'ap mache.

Posted using Partiko Android

Bon bagay. Nou obligé fè efò sa a pou nou paske pagne moun map fèk pou nou Kenneth la.

Posted using Partiko iOS

Menm Jan deviz peyi nou an di a:
'Men anpil chay pa lou'
Annou yon ede lot konsa nap vanse, annou ret solid e pozitif

Posted using Partiko Android

Bel bagay oui , selman mesye fe travay la bow kote pas nou chak , evite chak grenn ayisyen

Posted using Partiko Android

Congratulations @zeugen! You have completed the following achievement on the Steem blockchain and have been rewarded with new badge(s) :

You made more than 200 comments. Your next target is to reach 300 comments.

You can view your badges on your Steem Board and compare to others on the Steem Ranking
If you no longer want to receive notifications, reply to this comment with the word STOP

To support your work, I also upvoted your post!

Vote for @Steemitboard as a witness to get one more award and increased upvotes!

Wow, m tèlman renmen atik la m mete l nan favori m.....
M panse kryptomonè gen pou redefini fason moun viv e fè tranzaksyon finansye yo.

Se sa ki eksplike ke tout platfòm konpayi ki bay sèvis anliy yo ap chèche pozisyone yo, nan kouri lanse Token pa yo (fòm kryptomonè).

Yo pa egare yap chèche pozisyone yo.
System lan m pare tét li pou gen yon revolisyon teknolojik avèk kriptomonè yo.

Donk, nou menm tou nou bezwen pozisyone nou.

Nou ka poko ka kreye Token pa nou, men nou ka kenbe kominote a solid.
Ansanm nap rive pi lwen.

Nou gen OBLIGASYON pou nou rete an kominote.
ANSANM NAP RIVE PI LWEN.

Posted using Partiko Android

Coin Marketplace

STEEM 0.28
TRX 0.12
JST 0.032
BTC 60860.14
ETH 2960.47
USDT 1.00
SBD 3.61