You are viewing a single comment's thread from:

RE: I write this Post in Haitian Creole Please use google translate! to read more if you want to read the content, the subject is it's Possible. Otherwise Just put a nice Upvote Thanks 👍

in #steemithaiti6 years ago

ki yon moun enpòtan nan listwa lemond antye ki revolisyone fason nou konprann bagay yo e nou rekonèt li sou non albert einstein yon jou li di konsa imajinasyon pi enpòtan pase konesans. anvan ou kòmante al chèche konn kiyès ki Albert Einstein. e li ajoute pou li di lojik pap mennen yon moun lwen men imajinasyon ka mennen ou nenpòt ki kote. si gen yon bagay pou kwè ebyen se sa

Sort:  

Imajinasyon telman enpòtan donk li bon pou nou pale sou li anpil se pa yon sije nou ka ekri yon sèl fwa sou li epi konprann tout moun konprann sa n ap pale de li a, nou bezwen pale anpil epi itilize plizyè senaryo pou ede nou aplike nou lavi nou chak endividuelman

ki sa fè yon Ameriken, kanadien, ou yon dominiken renmen peyi li ou menm lè youn ap touye lot nan yon sans ou yon lot, rezon an senp yo edike pou yo develope lanmou sa pa mwayen sa medya a, e moun ki pi gran pase yo kwè e repete nan desisyon yap pran chak jou, nou bezwen mete pwogram pou jèn nou yo e ankouraje yo nan aktivite kap pèmèt yo renmen peyi a, mwen pap pale nan sans patriotik men pito renmen frè w la epi proteje anvirònman kote ou rete a

nou mete jèn yo trò de kote se kòmsi nou gen yon mantalite pou fè moun pase men mizè nou te pase si bagay yo pat bon pou donk fòk li pa bon pou yon lòt ki fèt ap vini sa pa ka mache konsa jèn yo bezen develope plis odas pou defann tèt yo anba tandans sa a

nou bezwen edike jèn yo pou yo kwè nan kapasite mantal yo e pou yo,pousuiv imajinasyon, se yon mo mwen pale anpil de li imajinasyon. paske se li menm selman ki ka dirije nou

li pa fasil di tou pou mwen pa di enposib pou ou wè solisyon a pwoblem ou ladann lan lè focus sou ki pap mache a, tou senpleman wap fè ke repete l

Sa vrèman ankourajan pou wè moun kap viv anyiti selon statistik posede $2,44 USD pa jou alòske pèp la ri, to kriminalite a pa elve pa rapò a sa nap gade nan nouvèl nan lot peyi, donk jèn nou dwe gen espwa

Jèn ankouraje jèn parèy ou yo pran inisyativ ansanm eksperimante tout bagay ki pa deranje sekirite sosyete a, pa bloke imajinasyon, retire konplèks lakay ou, pa farouche sa kap fè efò, men proteje li

Lè jèn pase nan sosyete a e ki te yon modèl korek pou lòt moun suiv sa ouvrinplis opòtinite pou lot jèn e kreye plis konfyans nan sa ki pi gran pou kwè nan abilite nan jèn kap vini yo, donk si w gen yon wòl wap jwe kounye a, donk byen jwe l

Coin Marketplace

STEEM 0.28
TRX 0.12
JST 0.032
BTC 69516.43
ETH 3791.51
USDT 1.00
SBD 3.84