5 abitid ou dwe genyen si w vle reyisi

in #success6 years ago

success2steemit.jpg

Tout moun ta renmen fè siksè nan lavi yo, yo ta renmen reyisi nan tout bagay y ap fè. men 80% nan moun sa yo pa reyisi reylize sa yo toujou vle reyalize yo. Youn nan rezon ki fè yo echwe se paske yo pa konnen resèt pou yon moun reyisi. Menm jan pou yon moun fè yon bon gato fok li byen konnen resèt k ap pèmèt li fè gato a, ebyen se menmjan pou yon moun ki vle reyisi.

Nan atik sa nou pral wè ansanm 5 abitid si nou adopte yo n ap ka transfòme e reyisi lavi nou.

succes3steemit.jpg

Premye abitid k ap pèmèt ou fè siksè nan lavi w: Li dwe toujou gen kè kontan.
gen yon fraz ki di"Zwazo yo pa chante paske yo kontan, yo kontan paske yo chante". Wi, toujou souri ak lavi a, epi toujou gen kè kontan nan sa ki rive w nan lavi a. konsa w ap atire bon bagay sou ou. Gen yon lwa yo rele "lwa atraksyon' ki montre sa w reflechi sou li plis la se sa k ap rive w, konsa si w toujou pozitif, ou toujou kontan, w ap jwenn anpil bon bagay.Donk toujou souri epi wè bagay yo yon fason pozitif..

Dezyèm abitid k ap pèmèt ou fè siksè nan lavi w: Pran desizyon.
Pa rete,san w pa pran okenn desizyon.Pran desizyon pou w fè oswa pou w pa fè yon bagay,Sispann doute, poze aksyon pito, aprann pran risk, pa rete nan ensètitid. Pran desizyon se yon bon abitid ou dwe genyen.

Twazyèm abitid k ap pèmèt ou fè siksè nan lavi w: aksepte se ou ki responsab a 100% sa ki rive w nan lavi a.
Ki sa sa vle di? Nou atire sa nou panse,sa vle di sa wap viv jodi a, kit ou konsyan de oswa ou pa konsyan de li, se ou ki te atire l sou ou. Ou se pwodwi pase ou. Kounya a, bon nouvèl la se ke ou ka transfòme lavni ou. Wi, men kilè ou ka fè sa? Se koulye a, nan moman w ap li atik sa, gras ak panse pozitif ou genyen, aksyon pozitif poze, emosyon pozitif ou. Konsa w ap voye vibrasyon pozitif nan linivè, e konsa a lavni se bagay pozitif k ap tounnen vin jwenn ou. Sinon, si ou gen panse negatif sou sa ki pral rive nan lavi ou, bagay sa yo negatif. Ou konnen, nou atire sa nou konsantre sou. Konsa, siw rete konsantre sou difikilte w ap atire difikilte, si w rete konsantre sou dèt ou, ou pral atire plis dèt. Donk fè efo pou vibrasyon w ap voye nan linivè yo se vibrasyon pozitif yo ye.

Katriyèm abitid k ap pèmèt ou fè siksè nan lavi w: Pasyante.
Sispann kouri nan tout direksyon. Chak maten lè w leve pran 15-20 minit reflechi sou sa w vle reyalize epi medite sou yo, pran abitid fè sport. Pran san w pou dirije lespri w. Si w gen yon bagay ou te vle reyalize nan 1 an, men sa gen de 2 an, ou poko reyisi ladan l pran pasyans koutinye poze aksyon k ap pèmèt ou rive kote ou vle ale a. Pa bay vag menm.

Senkyèm abitid k ap pèmèt ou fè siksè nan lavi w: DISIPLINE TèT ou.
Se vre se pa yon bagay ki fasil pou w disipline tèt ou, men si w vle reyisi, li enpotan anpil anpil. Disipline vle di lè w deside fè yon bagay fè l, Pa egzanp si w di chak semèn w ap ekri 7 atik sou Steemit, ekri l, si w di chak maten w ap pran 15 minit pou w li yon kèk paragraf nan yon liv, li yo, si w di chak jou w ap mache 2 kilomèt a pye fè l. Toujou fè sa ou di wap fè a.

Men yon bonis: siw vle reyisi koute moun ki reyisi deja.
W ap ka koute moun ki reyisi lè w pran kontak avèk yo li liv yo ekri, pran abitid pale avè yo.

Men kèk liv ou ka li: Père riche père pauvre, Réfléchissez et devenez riche – Napoleon Hill, Comment se faire des amis – Dale Carnegie, L’éveil de votre puissance intérieure – Tony Robbins, Les 7 habitudes de ceux qui réalisent tout ce qu’ils entreprennent – Stephen. R. Covey, La magie de voir grand – David j Schwartz......

M panse atik sa te itil ou, tanpri si w ta renmen plis moun li l pataje l.

#Cryptonewshaiti @neliohaiti

Images source: http://www.gi-gen.com/good-habits-are-the-key-to-success/
http://www.loveandabundancenow.com/daily-affirmations-for-success/

Sort:  

Congratulations @neliohaiti! You have completed some achievement on Steemit and have been rewarded with new badge(s) :

Award for the number of posts published
Award for the number of upvotes

Click on the badge to view your Board of Honor.
If you no longer want to receive notifications, reply to this comment with the word STOP

To support your work, I also upvoted your post!

Do you like SteemitBoard's project? Then Vote for its witness and get one more award!

Coin Marketplace

STEEM 0.27
TRX 0.13
JST 0.032
BTC 62622.67
ETH 2944.91
USDT 1.00
SBD 3.61