kèk bagay moun ki reyisi yo pa janm fè

in #success6 years ago (edited)

argent1.png

Semèn pase a m te sezi tande kijan kèk moun t ap kritike yon antreprenè nan vil cabaret kòmkwa li t ap pase yo nan betiz paske li gen anpil lajan e yo menm yo pòv, rezon ki fè yo di sa; se paske li te di:"Yon moun ki gen 50 Ans ki pa gen anpil lajan se moun nan ki responsab sa, paske a 50 ans yon moun dwe ka gen lajan pou l viv byen". Bon èske antreprenè sa gen rezon? Pou anpil moun se ap non, men pou kèk se ap wi. Rezon ki fè anpil moun ap di antreprenè sa pa gen di sal te di a, se paske pifò moun pa kwè yo ka reyalize anpil bagay pandan kantite ane y ap viv yo, menmsi yo pat leve nan yon fanmi ki gen lajan, e menmsi yo pat fè gwo glas lekòl, epi moun sa yo tou, toujou mete nan tèt yo se nan yon lòt peyi pou yo ale, pou yo ka reyalize sa yo vle yo. Men yon bagay yo pa konnen: gen moun ki chaje ak lajan jodi a, ki pat fè gwo klas lekòl e ki pat leve nan yon fanmi ki gen gwo mwayen ekonomik, epi moun sa yo pat oblije vwajaje ale nan lòt peyi, men moun sa yo te gen yon objektif e yo pat janm sispann Booster objektif sa yo te genyen an, e yo pat souzestime tèt yo.

argent2.png

Samdi 2 jen an, m te pran yon lòt sezisman ankò: Yon jèn tifi k ap plenyen paske lekòl pral fèmen, li pap jwenn kòb ankò chak jou nan men paran l. Men gen yon lòt jèn tifi ki te la ki di l: "Okontrè pandan vakans lan ou te ka fè plis kòb, paske nan kòb paran w te konn ba ou yo, ou te ka sanble enpe ladan yo konsa pandan vakans lan ou te ka achte kèk bagay ou vann bò lakay ou, oswa nan mache a". Jèn tifi a reponn li: "Mwen menm ki pral fè...". Kisa sa ede m konpran? Sa fè m wè gen anpil moun ki vle gen lajan men yo pa deside poze aksyon k ap pèmèt yo fè lajan, epi gen moun tou ki tèlman pran tèt yo pou yon pakèt afè, yo pa wè tèt yo nan yon komès oswa yon biznis ki parèt rabesan nan je kèk moun, konsa moun sa yo menmsi yo gen anpil laj se moun ki toujou ap lonje men ba yo.

Nan zòn lakay mwen Cabaret: Moun ki leve nan zòn nan toujou di: Mont Carmel ( yon sen ki nan zòn nan) gen de (2) tete; youn dous, youn amè. Dous la pou moun ki pat fèt nan zòn nan men ki vin abite ladan l, e amè a pou moun ki fèt nan zòn nan, rezon an se paske moun ki vin abite yo toujou fè siksè yo vin gen lajan, e moun ki fèt nan zòn nan paka fè siksè fasil. Moun ki toujou ap di bagay sa yo, gen yon bagay yo pa konprann:"Moun ki vin nan zòn nan vini pou yon rezon, yo pa pè travay nan jadin, kondi moto, vann dlo, e fè nenpòt bagay moun nan zòn nan trouve rabesan pou yo, men kap pèmèt yo antre lajan.

Gen omwen kat bagay ki nan tèks sa si nou aplike yo k ap pèmèt nou reyisi nan lavi a,Men m deside pa site yo, m kite pou nou di m kisa nou aprann nan tèks sa.

#Cryptonewshaiti @neliohaiti

Sort:  

Mwen renmen tèks la. Ou montre reyalite ki fè peyi nou eta li ye jounen jodia. Gen anpil moun ki mete nan tèt yo, fok yo kite peyi sa pou yo vini yon bagay epou tan sa yo pap fè nan peyi yo. Yap fè yo nan lòt peyi. Yo Toujou ap kritike, yo pa renmen mete tèt ansan'm. Ou wè nan deviz nou yo Di l'union fait la force. Sanble Se envès la ki fèt. Nan peyi sa se yon pakèt moun trèt ou jwenn, yo pa vle wè Ayisyen parèy Yo. Yo chita pale tenten sèlman voye monte. Siw eseye fè yon bagay se kritike Yap kritikel. Nou gen gwo pwoblèm nan mantalite nou. Nou sipoze rabese egosantrik nou gen lakay nou. Nou sipoze kwè nan tèt nou. Eseye fè lòt Ayisyen parèy ou konfyans, ou kapab kritike men Lèw fin kritike bay solisyon an. Wap wè yon bèl tèks konsa ipokrit yo pap Votel. Paske yo pa kwè nan tèt ansan'm. Respè pou ou zanmi'm

Waw bèl komantè @rooby-chery. Sa w di yo se pa manti, peyi m nan se konsa moun yo ye vre, yo toujou wè tèt yo sèlman, epi yo pa vle fè efo pou yo avanse.

M ap tann reyaksyon nou si nou renmen tèks sa jan m ekri l la, e map tann kritik negatif nou tou. @neliohaiti

Coin Marketplace

STEEM 0.27
TRX 0.13
JST 0.032
BTC 62875.98
ETH 2948.16
USDT 1.00
SBD 3.55