Internet en Haiti

Ou menm ki AP plede fe plan, swa 9goud pou kelke Megabytes, ou 1000goud, epi pou sevi sou phone ou , mpa diw paka fe gwo plan tou men eseye sa

Achte on SIM natcom Etidyan, ki k koutew selman 200 goud , bon mpaka diw pks yo moutel chè konsa se prix sa yo vann li

Apres achte on Woutè kap kapab koutew 400 dollar ayisyen , on ti woute natcom li bon nap we foto a

Donc avec sa yo , telephone ou ap dichaj mwens e wap fe plus ekonomi, map pale ak moun ki ap plede fe ti plan yo

Sou sim etidyan ou kapab fe plan 100goud yap baw 7GB pou on semènn , men se 1GB chak jou yap baw, apres 7 jou a li kanpe ,

Ou byen fe plan pou on mwa 30 Jou, ak 30GB yap baw 1GB chak jou , kap koutew selman 80 dolla plus 50goud frais,

Le 1GB Fini vites internet lan ralanti pou jou a wap oblige tann demen pou on lot 1GB anko , sa pa vle di ou pas gen internet

E le wap sevi Ak Data ou Wifi Data boule plus charge ke Wifi donk se pou sa mwen konseyew achte Woute ya , pou ekonomize batri telefon ou , et pwofite internet ou

Posted using Partiko Android

Sort:  

Thank you so much for being an awesome Partiko user! You have received a 2.45% upvote from us for your 552 Partiko Points! Together, let's change the world!

Natcom nan bon tout bon. Se plan 1GB pa jou a mwen itilize. Mwen satisfè ! ...

Posted using Partiko Android

Se bien , fok nou k bay moun yon info sou internet la tou avant , san internet lan ou pap fe kob lan

Posted using Partiko Android

Natcom ta dwe peye w @michelsonmichel. Ou fè yon bèl piblisite pou li la. Sèlman m pap achte yon sim etidyan nan pri sa. Li pa vann tout kòb sa nan zòn mwen. Dayè o kòmansman se gratis yo te konn bay etidyan yo. Moun deyò te konn fè trafik yo pou sèlman 5 dola.

Posted using Partiko Android

Lol natcom pap fe sa, oui si yo t konnen yo tap pran prison pou sa yo patap vann li tout kob sa, men kounya menm lot sim yo se 100 goud yap few peyel oui

Posted using Partiko Android

Merci pou enfo a e konsèy la, men m te konn itilize l lontan,li te vin lan anpil see sak fè m ye bal vag. Bon mwen espere l mye kounye a

Posted using Partiko Android

Nan zone mwen ye ya li pase tres bien , em renmenl

Posted using Partiko Android

Siw wesa m t gon sim etudiant li perdu plizye fwa mal deyel denye fwal perdu a m kitel. Men On bagay m t renmen natcom e lem t potoprens li t bon men nan zon kotem ye a li pa bon menm, ato digicel se kek kotel bon. Gen sa tou. Si Natcon bon nan zon yon moun m konseyen swiv sa yo. Epi mesye nou pa gen kouran fok nou jere chaj tlf lan tou. Mesi pou konsey yo.

Posted using Partiko Android

Oui , mwen espere neg yo pran sa kom konsey pas gen anpil depans pou sa ,

Posted using Partiko Android

Bèl ide, mwen te remake sa depi kèk tan, byenke m gen wifi kote m travay la men lèm lakay se li mwen itilize.

Yon ti efo, Natcom ap deplaye rezo LTE a, depi telefonn ou gen kapsite pou sa ou ta dwe pase a LTE ki pi rapid ki 4G nòmal la.

Men yon ti kòd pou fèl pran LTE sèlman siw poko genyen l:
##4636##, wap chwazi device information nan meni ki parèt la epi chwazi rezo ou vle a GSM, WCDMA, LTE.

Si sa pa mache pase nan Natcom lan, yap fè yon ranplasman sim pou ou kap chanje 3G an 4G LTE.

Posted using Partiko Android

Coin Marketplace

STEEM 0.27
TRX 0.13
JST 0.032
BTC 62726.22
ETH 2961.65
USDT 1.00
SBD 3.60